The Bible Software
bible.software › Luke › Luke 7 › Luke 7:40

Luke 7:40

Lè sa a, Jezi pran lapawòl, li di l' konsa: Simon, mwen gen kichòy pou m' di ou. Simon reponn li: Mèt, ou mèt pale wi.

Bib La

In The King James Version

And Jesus answering said unto him, Simon, I have somewhat to say unto thee. And he saith, Master, say on.

In Context

39Lè farizyen ki te envite Jezi a wè sa, li t'ap di nan kè l': Si nonm sa a te yon pwofèt vre, se pou l' ta konnen ki kalite moun fanm sa k'ap manyen l' lan ye, li ta konnen ki movèz vi fanm sa a ap mennen.

41Jezi di li: Vwala, se te de moun ki te dwe yon nonm ki te prete yo lajan; premye a te dwe l' senksan (500) goud; lòt la te dwe l' senkant goud.

Read all of Luke 7

Cross References

Ezekiel 33:31Se konsa, tankou si yo te gen dizon, tout pèp la ap sanble bò kote ou, y'ap vin chita devan ou pou yo ka koute sa w'ap di. Men, yo p'ap fè sa w'ap di yo fè. Yo pran pawòl ou yo pou fè bèl fraz. Se enterè yo ase yo konnen.

Matthew 7:22Lè jou sa a va rive, anpil moun va di m': Mèt, Mèt, se sou non ou nou t'ap bay mesaj ki soti nan Bondye a. Se sou non ou nou te chase move lespri yo. Se sou non ou nou te fè anpil mirak.

Luke 5:22Jezi menm te konnen sak t'ap pase nan tèt yo, li di yo konsa: Poukisa n'ap fè lide konsa nan tèt nou?

Luke 6:8Men, Jezi te konnen sak te dèyè tèt yo. Lè sa a, li di nonm ki te gen menm pòk la: Leve, vin kanpe la a nan mitan nou. Nonm lan leve kanpe.

Luke 20:20Yo pran veye Jezi. Yo voye espyon dèyè li. Espyon yo pran pòz moun debyen yo, pou wè si yo te ka pran yon pawòl nan bouch li pou akize li. Konsa, yo ta kapab lage l' nan men gouvènè a ki te gen pouvwa ak tout otorite.

John 13:13Nou rele m' Mèt, nou rele m' Seyè. Nou gen rezon, se sa m' ye vre.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Luke 7:40

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesThe Fourfold GospelJohn LightfootGeneva Bible Notes (1599)
← Luke 7:39Luke 7Luke 7:41 →