Lik 7:41
Jezi di li: Vwala, se te de moun ki te dwe yon nonm ki te prete yo lajan; premye a te dwe l' senksan (500) goud; lòt la te dwe l' senkant goud.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 50:1Men sa Seyè a di ankò: -Si m' te voye manman nou tounen lakay li, kote papye divòs mwen te ba li? Ki moun mwen te dwe lajan pou m' ta vann nou ba li tankou esklav? Se poutèt mechanste nou yo mwen te vann nou. Se poutèt peche nou yo mwen te voye manman nou tounen lakay li.
Matthew 6:12Padonnen tout sa nou fè ki mal, menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal.
Matthew 18:28Lè domestik la soti, li kontre ak yon kanmarad ki te dwe l' san (100) goud. Li kenbe l', li pran trangle l', li di li: Peye m' sa ou dwe m' lan.
Luke 11:4Padonnen peche nou yo, paske nou menm tou nou padonnen tout moun ki fè nou mal. Pa kite nou nan pozisyon pou n' tonbe nan tantasyon.
Luke 13:4Dizwit moun ki te mouri kraze lè gwo kay Siloe a te tonbe sou yo a, gen lè nou kwè yo te pi koupab pase tout lòt moun nan lavil Jerizalèm yo?
Romans 3:23Tout moun fè peche; yo tout vire do bay Bondye ki gen pouvwa a.