Lik 8:14
Grenn ki tonbe nan mitan pikan yo, se moun ki tande pawòl la, men lè y al fè wout yo, yo kite traka lavi, richès ak plezi ki nan lavi toufè l'. Yo donnen men donn yo pa janm rive rèk.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 13:22Gen lòt ankò ki resevwa pawòl la tankou grenn ki tonbe nan mitan pikan. Yo tande pawòl la, men traka lavi ak anvi gen lajan, tou sa toufe pawòl la, kifè yo pa ka bay anyen menm.
Luke 8:7Yon lòt pati tonbe nan mitan pye pikan. Pye pikan yo grandi ansanm ak bon ti plant yo, yo toufe yo.
Luke 16:13Pesonn pa ka sèvi de mèt byen anmenmtan. Li gen pou l' rayi yonn si l' renmen lòt la. L'ap sèvi yonn byen, men l'ap meprize lòt la. Nou pa ka sèvi Bondye ak lajan anmenmtan.
Luke 18:24Jezi wè jan sa te fè nonm lan lapenn, li di konsa: Sa ap difisil nèt pou moun rich antre nan peyi kote Bondye Wa a.
John 15:6Moun ki pa fè yonn ak mwen, y'ap koupe l' voye jete; l'ap cheche tankou yon branch bwa. Lè branch bwa yo cheche, yo ranmase yo, yo jete yo nan dife, yo boule yo.
1 Timothy 6:17Mande moun ki gen anpil byen sou latè a pou yo pa kite lògèy vire tèt yo. Piga yo mete espwa yo nan richès sa yo ki pa sèten. Se pou yo mete espwa yo nan Bondye ki ban nou tout bagay an kantite pou nou ka gen jwisans yo.