Luke 9:11
Men, lè foul moun yo vin konn sa, yo pati dèyè li. Jezi resevwa yo, li pale yo sou peyi kote Bondye Wa a, li geri tout moun ki te malad.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 14:14Lè Jezi desann soti nan kannòt la, li wè tout foul moun yo. Kè l' fè l' mal pou yo, li pran geri moun malad yo.
Matthew 21:43Se poutèt sa mwen di nou: y'a wete Peyi kote Bondye Wa a nan men nou, y'a pran l' bay moun yon lòt nasyon ki va bay rannman pou Peyi Wa a.
Luke 1:53Li bay moun ki grangou yo anpil byen. Li voye rich yo ale san anyen.
Luke 8:1Apre sa, Jezi mache ale nan tout lavil yo ak nan tout bouk yo. Li t'ap mache bay mesaj la, li t'ap anonse bon nouvèl peyi kote Bondye Wa a. Douz disip yo te toujou avè li.
Luke 9:2Apre sa, li voye yo mache fè konnen gouvènman Bondye Wa a, li voye yo geri malad yo tou.
John 6:37Tout moun Papa a ban mwen, gen pou vin jwenn mwen. Mwen p'ap janm mete moun ki vin jwenn mwen yo deyò.