Lik 9:16
Jezi pran senk pen ak de pwason yo, li leve je l' nan syèl la, li di Bondye mèsi pou manje a. Apre sa, li separe l', li renmèt li bay disip yo pou mache bay foul moun yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Disip yo koute l', yo fè tout moun chita.
17Tout moun manje vant plen. Lèfini, disip yo ranmase douz panyen plen moso ki te rete.
Cross References
Psalms 121:1Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Mwen leve je m', mwen gade mòn yo, mwen di: -Ki bò m'a jwenn sekou?
Matthew 15:36Li pran sèt pen yo ak pwason yo, li di Bondye mèsi, li kase yo an moso, li renmèt yo bay disip li yo. Disip yo menm mache bay tout moun.
Luke 22:19Apre sa, li pran pen, li di Bondye mèsi, li kase li. Li ba yo l', epi li di yo: Sa se kò mwen. Se mwen menm ki bay li pou nou. Se pou nou fè sa pou nou ka toujou chonje mwen.
John 6:11Jezi pran pen yo; lè li fin di Bondye mèsi pou yo, li bay tout moun ki te chita yo. Li fè menm jan an tou ak pwason yo. Yo tout te jwenn kantite yo te vle.
Acts 27:35Lè li fin di sa, Pòl pran pen, li di Bondye mèsi devan yo tout, li kase pen an, epi l' kòmanse manje.
1 Corinthians 10:30Si mwen di Bondye mèsi pou sa m'ap manje a, ki jan pou yo ta ka pale m' mal pou yon manje konsa?