Malachi 1:14
Madichon pou moun k'ap twonpe m' yo. Yo vin ofri bèt ki pa bon pou yo touye pou mwen epi yo kite bon ti mal yo te pwomèt y'ap ban mwen an nan bann mouton yo. Paske, se yon wa ki gen anpil pouvwa mwen ye. Moun tout nasyon va respekte m'. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 22:18-Pale ak Arawon ak pitit gason l' yo ak tout moun pèp Izrayèl la. Men sa w'a di yo: Lè yon moun nan pèp Izrayèl la, osinon yon moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a fè ofrann pou boule pou Seyè a, kit se paske li te fè yon ve, kit se paske li menm li fè lide fè ofrann lan,
Joshua 7:11Se paske pèp Izrayèl la peche, yo pa respekte kontra mwen te pase ak yo a ak lòd mwen te ba yo. Yo pran nan bagay pou yo te detwi yo. Yo vòlò yo, yo kache yo, yo mete yo nan zafè pa yo.
Psalms 47:3(047:4) Li fè nou dominen sou anpil pèp, li mete anpil nasyon sou zòd nou.
Psalms 48:2(048:3) Ala yon bèl mòn! Li fè kè tout moun sou latè kontan. Sou mòn Siyon an, ki sou bò nò, se la yo bati lavil gwo wa a.
Psalms 76:12(076:13) Li kraze lògèy chèf yo, li fè wa latè yo respekte l'.
Psalms 102:16(0102:17) Seyè a va rebati lavil Siyon, l'a fè wè jan li gen pouvwa.