Malachi 2:14
Epi n'ap mande poukisa? Se paske Seyè a wè sa ou fè madanm ou te marye lè ou te jenn lan. Ou pa kenbe pwomès ou te fè l' la. Ou te pase kontra avè l', ou te pwomèt Bondye ou t'ap kenbe l' pou madanm ou pou tout tan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 2:18Seyè a, Bondye a, di ankò. Sa pa bon pou nonm lan rete pou kont li. M'ap fè yon lòt moun sanble avè l' pou ede l'.
Judges 11:10Chèf fanmi peyi Galarad yo di Jefte konsa: -Nou pran Seyè a sèvi nou temwen! N'ap fè tou sa ou sot di la a.
Proverbs 2:17Fanm konsa se fanm k'ap twonpe mari yo, fanm ki bliye pwomès yo te fè Bondye.
Proverbs 5:20Pitit mwen, poukisa pou ou renmen yon lòt fanm? Poukisa pou ou kite madanm ou pou madanm lòt moun?
Ecclesiastes 9:9Jwi lavi avèk fanm ou renmen an, pandan tout jou w'ap viv lavi ki pa vo anyen an, lavi Bondye ba ou pou viv sou latè a. Jwi tout jou sa yo ki yonn pa vo lòt, paske se sèlman sa ki pou ou nan lavi a, apre tout traka ou bay tèt ou pou fè travay ou sou latè.
Isaiah 54:6Ou tankou yon madanm mari l' kite l', epi ki nan gwo lapenn. Ou tankou yon madanm mari l' te renmen depi lè l' te jenn gason, men li vire do kite l'. Seyè a rele ou tounen vin jwenn li.