Malachi 3:17
Seyè a di konsa: Y'ap yon pèp apa pou mwen. Jou m'a deside pou m' aji a, se moun pa m' nèt y'ap ye. m'a gen pitye pou yo, menm jan yon papa gen pitye pou pitit gason l' k'ap sèvi l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 7:6N'a fè sa paske se yon pèp k'ap viv apa pou Seyè a, Bondye nou an, nou ye. Se nou menm Seyè a, Bondye nou an, te chwazi nan tout pèp ki sou latè pou li fè nou tounen yon pèp ki rele l' pa l'.
Deuteronomy 26:17Jòdi a nou fè deklarasyon nou bay Seyè a: Nou di se li ki Bondye nou. Nou pwomèt pou nou toujou mache jan li vle l' la, pou nou fè tou sa ki nan lwa, nan lòd ak nan regleman li yo pou nou toujou koute sa l' di nou.
Psalms 103:8Seyè a gen kè sansib, li gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen nou.
Psalms 115:13L'ap beni tout moun ki gen krentif pou li, piti kou gran.
Song of Solomon 2:16Mennaj mwen, se pou mwen li ye! Mwen menm, se pou li mwen ye! L'ap fè mouton l' yo manje nan mitan pye woz yo.
Isaiah 62:3W'a tankou yon bèl kouwòn nan men Seyè a, tankou yon bèl foula nan men Bondye ou la.