Malachi 3:4
Lè sa a, ofrann moun peyi Jida yo ak ofrann moun lavil Jerizalèm yo va fè Seyè a plezi, jan sa te konn ye nan tan lontan, depi nan konmansman.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Chronicles 15:26Yo touye sèt towo ak sèt belye pou Bondye te ka ede moun Levi ki t'ap pote Bwat Kontra a.
1 Chronicles 21:26Lèfini, li bati yon lotèl pou Seyè a, li fè ofrann bèt boule pou Bondye ak ofrann pou di Bondye mèsi. Li lapriyè nan pye Seyè a. Seyè a reponn li, li voye dife soti nan syèl la pou boule ofrann ki sou lotèl la.
2 Chronicles 1:6Devan Tant Randevou Seyè a, Salomon moute sou lotèl kwiv la, li touye mil bèt li fè boule nèt sou lotèl la.
2 Chronicles 7:10Nan denmen, ki vle di nan venntwazyèm jou setyèm mwa a, Salomon voye tout moun tounen lakay yo. Yo tout t'ap fè fèt, yo al lakay yo ak kè kontan, paske sa te fè yo plezi pou wè tou sa Seyè a te fè pou David, pou Salomon ak pou pèp Izrayèl li a.
2 Chronicles 29:31Lè sa a, Ezekyas di pèp la: -Koulye a nou menm ki mete tèt nou apa pou fè sèvis Seyè a, pwoche non! Pote ofrann nou ansanm ak bèt pou yo touye pou di Bondye mèsi. Se konsa tout pèp la pote bèt pou yo touye ak lòt ofrann pou di Bondye mèsi. Gen ladan yo ki te ofri bèt pou yo boule nèt pou Bondye paske yo te vle fè l'.
2 Chronicles 31:20Se konsa Ezekyas te fè nan tout peyi Jida a. Li te fè sa ki byen, sa ki dwat ak tout kè li devan Seyè a, Bondye li a.