The Bible Software
bible.software › Malachi › Malachi 3 › Malachi 3:7

Malachi 3:7

Depi sou tan zansèt nou yo nou pa okipe sa m' te ban nou lòd fè. Nou pa swiv yo. Tounen vin jwenn mwen. Mwen menm, m'a tounen vin jwenn nou tou. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa. N'ap mande m' sa pou nou fè pou nou tounen vin jwenn mwen?

Bib La

In The King James Version

Even from the days of your fathers ye are gone away from mine ordinances, and have not kept them. Return unto me, and I will return unto you, saith the LORD of hosts. But ye said, Wherein shall we return?

In Context

6Mwen se Seyè a, mwen p'ap chanje. Se poutèt sa nou menm, pitit pitit Jakòb yo, nou pa disparèt nèt.

8Mwen menm m'ap mande nou: Eske yon moun ka twonpe Bondye? Non. Men, se twonpe n'ap twonpe m'. N'ap mande ki jan n'ap twonpe m' lan. M'ap reponn nou: Nan keksyon ladim ak lòt bagay nou fèt pou nou ofri m' yo.

Read all of Malachi 3

Cross References

Leviticus 26:40Men, lè sa a pitit pitit nou yo va rekonèt peche yo ak peche zansèt yo, peche yo te fè paske yo te refize fè sa m' te di yo fè, peche yo te fè paske yo te kenbe tèt avè m'.

Deuteronomy 9:7Pa janm bliye jan ou te fè Seyè a, Bondye nou an, fache anpil nan dezè a. Depi lè nou te soti nan peyi Lejip jouk nou rive isit la, n'ap fè wòklò devan Seyè a.

Deuteronomy 31:20Lè m'ap fè yo antre nan peyi mwen te pwomèt bay zansèt yo a, peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo a, m'a fè yo manje plen vant yo, y'a viv alèz. Men, y'a kouri dèyè lòt bondye, y'a sèvi yo. Men mwen menm, y'a voye m' jete, y'a kraze kontra mwen te pase ak yo a.

1 Kings 8:47antan yo la nan peyi kote lènmi yo te depòte yo a, si yo règrèt sa yo te fè, si yo lapriyè nan pye ou, si yo rekonèt yo te fè sa ki mal, si yo rekonèt yo te peche, si yo rekonèt yo antò,

Nehemiah 9:16Men, zansèt nou yo kite lògèy vire lòlòj yo. Yo fè tèt di, yo derefize obeyi lòd ou te ba yo.

Nehemiah 9:28Men, kou ou ba yo yon ti souf, yo konmanse ap fè sa ki mal ankò devan ou. Ou lage yo nan men lènmi ki t'ap kraze yo. Lè sa a ankò, yo pran rele nan pye ou. Ou menm menm, ou rete nan syèl la, ou reponn yo. Ou sitèlman gen bon kè, se pa ni de ni twa fwa ou delivre yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Malachi 3:7

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Malachi 3:6Malachi 3Malachi 3:8 →