Mak 1:41
Kè Jezi fè l' mal, li lonje men l', li manyen nonm lan, li di li: -Wi, mwen vle ou geri.
Bib La
In The King James Version
In Context
42Menm lè a, lalèp la kite l', li geri, li te nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
Cross References
Psalms 33:9Paske, li pale, bagay la rive. Li bay lòd, tout bagay fèt.
Mark 4:39Jezi leve, li pale byen fò ak van an, li di: -Pe la. Li di dlo a: -Rete trankil. Latou, van an tonbe epi vin gen yon gran kalmi.
Mark 6:34Lè Jezi rive pou l' debake sot nan kannòt la, li wè tout bann moun yo. Kè l' fè l' mal pou yo, paske yo te tankou yon bann mouton san gadò. Lamenm, li tanmen esplike yo anpil bagay.
Hebrews 1:3Pitit sa a reflete limyè bèl pouvwa Bondye a, se bon pòtre Bondye li ye. Se li menm k'ap soutni tout bagay ak pouvwa pawòl li. Lè li fin delivre moun anba peche yo, li moute chita anwo nan syèl la, sou bò dwat Bondye, Gran Wa a.
Hebrews 4:15Granprèt nou an, se pa yon moun ki pa kapab soufri ak nou nan feblès nou. Okontrè, nou gen yon granprèt ki te pase anba tout kalite tantasyon menm jan ak nou. Men, li pa t' janm fè okenn peche.