Mak 1:40
Yon nonm ki te gen lalèp vin jwenn Jezi; li tonbe ajenou devan li, li mande l' sekou; li di l' konsa: -Si ou vle, ou kapab geri mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
41Kè Jezi fè l' mal, li lonje men l', li manyen nonm lan, li di li: -Wi, mwen vle ou geri.
Cross References
Genesis 18:14Bon. Eske gen kichòy ki twòp la a pou Mèt la fè? Sou dat mwen fikse a, m'a tounen pase wè ou ankò. Lè sa a, Sara va gen yon pitit gason.
Numbers 12:10Nwaj la leve anwo tant lan, l' ale. Menm lè a, yon sèl maladi tonbe sou Miryam: tout po kò l' vin blanch kou koton. Arawon gade Miryam, li wè Miryam te kouvri ak bouton sou tout po li.
2 Samuel 3:29Se pou chatiman an tonbe sou tèt Joab ak tout fanmi li! Se pou toujou gen nan fanmi li moun k'ap gen ekoulman osinon move maladi po, gason k'ap blije fè travay fanm, gason k'ap mouri nan lagè, gason k'ap nan grangou.
2 Kings 7:3Bò pòtay lavil Samari a, te gen kat gason ki te gen move maladi po. Yonn di lòt konsa: —Poukisa pou n' rete isit la ap tann lanmò?
2 Chronicles 6:13Salomon te fè fè yon platfòm an kwiv. Li fè yo mete l' nan mitan lakou a. Platfòm lan te kare kare, wit pye longè, wit pye lajè ak senk pye wotè. Li moute sou li, li mete ajenou devan tout pèp Izrayèl la. Li leve de men l' anlè,
Matthew 11:5Je avèg yo louvri, moun ki t'ap bwete yo mache byen, moun ki te gen maladi lalèp yo geri, moun ki te soudè yo tande, moun ki te mouri yo leve. Pòv yo tande Bon Nouvèl la.