Mak 6:34
Lè Jezi rive pou l' debake sot nan kannòt la, li wè tout bann moun yo. Kè l' fè l' mal pou yo, paske yo te tankou yon bann mouton san gadò. Lamenm, li tanmen esplike yo anpil bagay.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 27:17yon nonm ki ka mache alatèt yo nan tout antre soti yo, pou pèp ou a, pèp Seyè a, pa rete tankou yon bann mouton san gadò pou okipe yo.
2 Chronicles 18:16Lè sa a, Miche reponn li: -Mwen te wè tout sòlda pèp Izrayèl yo gaye toupatou sou mòn yo, tankou yon bann mouton san gadò. Seyè a te di: Moun sa yo san chèf. Kite yo tounen lakay yo ak kè poze.
Jeremiah 50:6Pèp mwen an te tankou mouton ki pèdi bann yo. Se gadò yo ki te lage yo, kifè yo gaye nan mòn yo. Y'ap mache pwonmennen nan tout mòn yo. Yo pèdi chemen kay yo.
Matthew 9:36Lè Jezi wè tout bann moun sa yo, kè l' fè l' mal pou yo paske li wè yo te bouke, yo te dekouraje, tankou yon bann mouton san gadò.
Matthew 15:32Jezi rele disip li yo, li di: Kè m' fè m' mal pou moun sa yo. Sa fè twa jou depi yo la avè m', yo pa gen anyen pou yo manje ankò. Mwen pa vle voye yo ale konsa san manje. Yo ka tonbe feblès nan chemen an.
Romans 15:2Okontrè, se pou nou chak chache fè frè parèy nou plezi pou byen l', konsa n'a fè l' grandi nan konfyans li nan Bondye.