Mak 10:16
Apre sa, li pran timoun yo nan bra l', li mete men l' sou tèt yo chak, li beni yo.
Bib La
In The King James Version
And he took them up in his arms, put his hands upon them, and blessed them.
In Context
Cross References
Genesis 48:14Men, Izrayèl kwaze men l' lè l'ap lonje yo, li mete men dwat li sou tèt Efrayim ki te pi piti a, li mete men gòch li sou tèt Manase ki te pi gran an. Izrayèl te konnen sa l' t'ap fè lè l' te fè sa.
Isaiah 40:11Tankou yon gadò, l'ap okipe mouton l' yo. Se li menm k'ap sanble yo. L'ap pote ti mouton yo sou bra l'. Tou dousman l'ap mennen manman mouton ki gen pitit dèyè yo.
Luke 2:28Simeyon pran tipitit la nan bra l', li di Bondye mèsi. Li di:
John 21:15Lè yo fin manje, Jezi di Simon Pyè konsa: Simon, pitit Jan, èske ou renmen m' plis pase moun sa yo renmen mwen? Simon Pyè reponn: Wi, Seyè, ou konnen mwen renmen ou. Jezi di li: Pran swen ti mouton m' yo.