Mak 10:17
Antan Jezi t'ap soti pou li al fè wout li, yon nonm kouri vini. Li lage kò l' ajenou devan Jezi, li mande li: -Bon Mèt, kisa pou m' fè pou m' resevwa lavi ki p'ap janm fini an?
Bib La
In The King James Version
In Context
16Apre sa, li pran timoun yo nan bra l', li mete men l' sou tèt yo chak, li beni yo.
18Jezi di li: -Poukisa ou rele m' bon? Se yon sèl bon ki genyen, se Bondye.
Cross References
Matthew 17:14Lè yo rive kote foul moun yo, yon nonm pwoche bò kot Jezi, li lage kò l' ajenou devan l', li di:
Matthew 25:34Apre sa, wa a va pale ak sa ki sou bò dwat li yo, la di: Vini non, nou menm ki resevwa benediksyon Papa m', vin pran posesyon peyi ki te pare pou nou depi lè Bondye t'ap kreye lemonn lan.
Mark 1:40Yon nonm ki te gen lalèp vin jwenn Jezi; li tonbe ajenou devan li, li mande l' sekou; li di l' konsa: -Si ou vle, ou kapab geri mwen.
Mark 12:14Yo vin di l' konsa: -Mèt, nou konnen ou se moun ki kare, ou pa pè pesonn, paske ou pa gade sou figi moun. Men, ou moutre chemen Bondye a jan li ye a. Manyè di nou: èske lalwa pèmèt nou peye Seza lajan kontribisyon an? Eske nou dwe peye li? Wi ou non?
Luke 18:18Yonn nan chèf jwif yo mande Jezi: Bon Mèt, kisa pou m' fè pou m' resevwa lavi ki p'ap janm fini an?
John 5:39N'ap plede etidye sa ki ekri nan Liv la, paske nou mete nan tèt nou nou ka jwenn lavi ki pa janm fini an ladan li. Men, se Liv sa a menm ki pale sou mwen.