Mak 10:18
Jezi di li: -Poukisa ou rele m' bon? Se yon sèl bon ki genyen, se Bondye.
Bib La
In The King James Version
And Jesus said unto him, Why callest thou me good? there is none good but one, that is, God.
In Context
Cross References
1 Samuel 2:2Pa gen Bondye tankou Seyè a. Non, pa gen tankou l'. Pa gen moun ki ka pwoteje tankou Bondye nou an.
Psalms 86:5Seyè, ala bon ou bon! Ou padonnen peche nou yo. Ou p'ap janm sispann renmen moun k'ap rele non ou.
Matthew 19:17Jezi reponn li: Poukisa w'ap poze m' keksyon sou sa ki bon? Se yon sèl ki bon. Si ou vle antre nan lavi a, se pou ou fè sa kòmandman yo mande. Nonm lan mande li: Kilès kòmandman sa yo?
John 5:41Mwen p'ap chache lwanj nan men lèzòm.
James 1:17Tout pi bèl favè, tout pi bon kado nou resevwa, se anwo nan syèl la yo soti, nan men Bondye ki kreye tout limyè. Bondye pa janm chanje, ni li pa gen anyen ki ta ka sanble yon chanjman nan li.
1 John 4:16Nou menm nou konnen jan Bondye renmen nou, nou kwè se vre. Bondye se renmen an menm. Moun ki gen renmen nan kè yo, yo fè yonn ak Bondye, Bondye fè yonn ak yo.