Mak 10:20
Li reponn Jezi: -Mèt, mwen swiv tout bagay sa yo depi m' te ti katkat.
Bib La
In The King James Version
And he answered and said unto him, Master, all these have I observed from my youth.
In Context
Cross References
Isaiah 58:2Chak jou, y'ap fè sèvis pou mwen. Yo pretann yo konnen chemen m' yo, tankou si se yon nasyon ki fè sa ki dwat devan m', epi ki pa t' janm lage lòd mwen te ba yo. Y'ap mande m' pou m' defann kòz yo. Yo ta vle pou Bondye kanpe la ak yo.
Ezekiel 33:31Se konsa, tankou si yo te gen dizon, tout pèp la ap sanble bò kote ou, y'ap vin chita devan ou pou yo ka koute sa w'ap di. Men, yo p'ap fè sa w'ap di yo fè. Yo pran pawòl ou yo pou fè bèl fraz. Se enterè yo ase yo konnen.
Matthew 19:20Jennonm lan di li: Mwen swiv tout bagay sa yo. Kisa pou m' fè ankò?
Luke 18:11Farizyen an te kanpe apa, li t'ap lapriyè konsa: Bondye, m'ap di ou mèsi dapre mwen pa vòlò, ni visye, ni adiltè tankou lòt yo; mèsi dapre mwen pa tankou pèseptè kontribisyon sa a.
Philippians 3:6Mwen te sitèlman yon patizan fanatik lalwa a, mwen te menm rive pèsekite legliz la. Si yon moun te ka bon paske li fè sa lalwa a mande, enben mwen te bon nèt ale.