Mak 10:23
Apre sa, Jezi gade disip li yo ki te bò kote l' la, li di yo: -Sa ap difisil nèt pou moun rich antre nan Peyi kote Bondye Wa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 18:3Li di: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou pa chanje, si nou pa tounen tankou yon timoun piti, nou p'ap janm ka mete pye nou nan Peyi Wa ki nan syèl la.
Mark 3:5Lè sa a Jezi fache, li pwonmennen je l' sou yo tout: sa te fè l' lapenn pou l' te wè jan yo te gen move santiman. Epi li di nonm lan konsa: -Lonje men ou. Nonm lan lonje men li. Latou men an geri.
Mark 10:15Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si yon moun pa asepte otorite Bondye a tankou yon timoun, li p'ap janm ka mete pye l' nan Peyi kote Bondye Wa a.
John 3:5Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa ka antre nan Peyi kote Bondye Wa a si li pa fèt nan dlo ak nan Sentespri.
James 2:5Frè mwen renmen anpil yo, tande sa byen: Bondye chwazi moun ki pòv sou latè pou yo ka rich nan konfyans nan Bondye, pou yo ka jwenn pòsyon pa yo nan peyi li te pwomèt moun ki renmen l' yo.
2 Peter 1:11Konsa, la ban nou dwa antre lib nan peyi kote Jezikri, Seyè nou ak Sovè nou an, ap gouvènen tankou wa pou tout tan an.