Mak 10:22
Men pawòl sa a te fè nonm lan lapenn anpil. Li vin kagou, li vire do l', li ale, paske li te gen anpil byen.
Bib La
In The King James Version
And he was sad at that saying, and went away grieved: for he had great possessions.
In Context
Cross References
Genesis 13:5Lòt menm, neve ki t'ap vwayaje ansanm avèk Abram lan, te gen mouton ak bèf pa l' tou. Li te gen moun tout avèk li.
Deuteronomy 8:11Veye kò nou pou nou pa janm bliye Seyè a, Bondye nou an, pou nou pa janm neglije kòmandman, lòd ak prensip m'ap ban nou jòdi a.
Ezekiel 33:31Se konsa, tankou si yo te gen dizon, tout pèp la ap sanble bò kote ou, y'ap vin chita devan ou pou yo ka koute sa w'ap di. Men, yo p'ap fè sa w'ap di yo fè. Yo pran pawòl ou yo pou fè bèl fraz. Se enterè yo ase yo konnen.
Matthew 19:22Lè jennonm lan tande pawòl sa yo, li vin kagou, li vire do l', li ale paske li te gen anpil byen.
Matthew 27:24Lè Pilat wè li pa t' kapab fè anyen ankò, paske pèp la te soti pou l' te fè plis dezòd toujou, li pran dlo, li lave men l' devan tout foul moun yo. Li di yo: Mwen menm, mwen pa reskonsab lanmò nonm sa a. Sa, se sou kont nou li ye.
Mark 6:26Kè wa a kase. Men, li pa t' kapab di li non ankò, akòz gwo sèman li te fin fè devan tout envite yo.