Mak 11:27
Se konsa, yo tounen lavil Jerizalèm ankò. Pandan Jezi t'ap pwonmennen nan tanp lan, chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf fanmi yo te vin bò kote li.
Bib La
In The King James Version
In Context
26Men, si nou pa padonnen lòt moun yo, Papa nou ki nan syèl la p'ap padonnen peche nou yo tou.
28Yo di l' konsa: -Ki dwa ou genyen pou w'ap fè tout bagay sa yo? Kilès ki ba ou otorite pou fè yo?
Cross References
Malachi 3:1Seyè a pale, li di konsa: -Men m'ap voye mesaje mwen devan pou l' pare yon chemen pou mwen. N'ap rete konsa, n'ap wè Seyè n'ap plede chache a ap vini nan tanp li a. Mesaje nou te anvi wè a, men l'ap vini pou l' fè tout moun konnen kontra a.
Mark 14:1Nan de jou ankò yo tapral fete fèt Delivrans lan ansanm ak fèt Pen san ledven an. Chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo t'ap chache mwayen pou yo arete Jezi san pesonn pa konnen, pou fè touye li.
John 10:23Jezi t'ap ale vini anba Galeri Salomon an nan tanp lan.
Acts 4:5Nan denmen, chèf jwif yo, chèf fanmi yo ak dirèktè lalwa yo sanble nan Jerizalèm.