Mark 14:1
Nan de jou ankò yo tapral fete fèt Delivrans lan ansanm ak fèt Pen san ledven an. Chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo t'ap chache mwayen pou yo arete Jezi san pesonn pa konnen, pou fè touye li.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Yonn t'ap di lòt: -Nou pa kapab arete l' pandan jou fèt yo, paske sa ka kreye dezòd nan pèp la.
Cross References
Leviticus 2:6W'a koupe l' an ti moso, epi w'a vide lwil sou li. Se konsa w'a ofri l' bay Seyè a.
Numbers 28:16Katòzyèm jou nan premye mwa a, n'a fete fèt Delivrans lan pou Seyè a.
Psalms 2:1Poukisa nasyon yo ap toumante kò yo konsa? Poukisa pèp yo ap fè plan ki p'ap sèvi yo anyen?
Psalms 62:4(062:5) Wi, yo pa gen lòt lide nan tèt yo pase fè l' pèdi gwo plas kote li ye a. Yo pran plezi nan bay manti. Yo louvri bouch yo pou mande benediksyon, men nan kè yo, se madichon y'ap bay.
Psalms 64:2(064:3) Pwoteje m' anba konplo mechan yo, anba gwo bann malveyan sa yo.
Matthew 12:14Farizyen yo soti nan sinagòg la, y al mete tèt yo ansanm pou wè ki jan pou yo fè touye Jezi.