Mak 12:14
Yo vin di l' konsa: -Mèt, nou konnen ou se moun ki kare, ou pa pè pesonn, paske ou pa gade sou figi moun. Men, ou moutre chemen Bondye a jan li ye a. Manyè di nou: èske lalwa pèmèt nou peye Seza lajan kontribisyon an? Eske nou dwe peye li? Wi ou non?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 23:2Pa konprann pou nou fè sa ki mal paske nou wè se sa tout moun ap fè. Lè n'ap sèvi temwen nan yon pwose, piga nou pran pati pou bò ki gen plis moun lan lè nou konnen se yo ki antò.
Deuteronomy 33:9Yo pa konn papa! Yo pa konn manman! Yo pa konn frè! Yo pa konn pitit! Se lòd ou yo y'ap swiv, se kontra ou la y'ap kenbe fèm.
2 Chronicles 19:7Se pou nou gen krentif pou Seyè a. Veye zo nou nan tou sa n'ap fè, paske Seyè a, Bondye nou an, pa tolere lenjistis ak patipri. Li pa nan pran kado nan men moun pou fè pa yo.
Nehemiah 9:37Tout rekòt peyi a al nan pòch wa ou mete sou kou nou. Tou sa, paske nou te fè peche. Yo fè sa yo vle ak nou ansanm ak bèt nou yo. Aa! Gade nan ki mizè nou ye non!
Psalms 55:21(055:22) Pawòl nan bouch yo pi dous pase siwo. Men, nan fon kè yo se yon sèl bagay yo konnen: se goumen. Pawòl yo koule dous tankou lwil, men lang yo se razwa.
Proverbs 26:23Yon moun ki gen bèl pawòl nan bouch li men ki gen move kè, se tankou bèl penti sou bwa pouri.