Mak 12:24
Jezi reponn yo: -Nou nan lerè wi. M'ap di nou poukisa: Nou pa konprann sa ki ekri a, nou pa konnen pouvwa Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 19:25Mwen menm, mwen konnen moun ki gen pou vin pran defans mwen an byen vivan. Se li menm an dènye k'ap kanpe sou latè pou pale pou mwen.
Isaiah 25:8Seyè a pral fè pa janm gen lanmò ankò. Li pral siye dlo nan je tout moun. Li pral wete lawont sa a ki te sou pèp li a toupatou sou latè. Se Seyè a menm ki di sa!
Jeremiah 8:7Ata zwezo yo rele sigòy yo konnen lè pou yo tounen lakay yo. Menm toutrèl, ziwondèl ak valèt, yo konnen lè pou yo vwayaje tounen. Men, nou menm pèp mwen an, nou pa konnen regleman mwen ban nou pou nou swiv yo.
Ezekiel 37:1Mwen santi pouvwa Seyè a sou mwen ankò. Lespri Bondye a pran m', li mennen m' nan yon fon ki te plen zosman.
Hosea 6:2Apre de jou, l'a ban nou lavi ankò. Sou twazyèm jou a, l'a fè nou kanpe ankò, n'a viv ankò devan je l'.
Hosea 8:12Atout m' ekri pou yo anpil regleman sou lalwa mwen ba yo a, yo pran regleman yo pou bagay ki pa pou yo.