Mak 14:7
Pòv yo, n'ap toujou genyen yo avèk nou; chak fwa nou vle, nou ka fè byen pou yo. Men, mwen menm, nou p'ap genyen m' tout tan avèk nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Fanm lan fè sa l' te kapab. Depi davans li tou benyen kò m' pou lantèman mwen.
Cross References
Matthew 25:35Mwen te grangou, nou ban m' manje; mwen te swaf dlo, nou ban m' bwè. Mwen te lwen peyi m', nou te resevwa m' lakay nou.
John 12:7Men, Jezi di li: Kite l' an repo! Kite l' konsève odè sa a pou jou y'a mete kò m' nan kavo a.
John 16:5Men koulye a, mwen pral jwenn moun ki te voye m' lan, epi nou yonn pa mande m' kote m' prale?
John 17:11Mwen pa nan lemonn lan ankò. Men yo menm, yo nan lemonn lan toujou. Mwen menm, m'ap vin jwenn ou. Papa, ou menm ki apa, pwoteje yo pa pouvwa non ou, menm non ou te ban mwen an, pou yo ka fè yon sèl menm jan ou fè yon sèl avèk mwen.
2 Corinthians 9:13Sèvis sa a ap fè yo wè ki kalite moun nou ye. Yo pral fè lwanj Bondye, paske sekou sa a pral fè yo wè jan nou soumèt, jan nou kwè nan bon nouvèl ki pale sou Kris la. Y'a fè lwanj Bondye tou pou jan nou separe byen nou yo ak yo ansanm ak tout lòt yo.
James 2:14Frè m' yo, kisa sa fè pou yon moun k'ap di li gen konfyans nan Bondye, si li pa fè bagay pou moutre li gen konfyans lan vre? Eske konfyans sa a ka delivre li?