Mark 14:6
Men Jezi di yo: -Kite l' an repo. Pouki n'ap fè l' tout lapenn sa a? Se yon bèl bagay li fè la a pou mwen.
Bib La
In The King James Version
And Jesus said, Let her alone; why trouble ye her? she hath wrought a good work on me.
In Context
Cross References
Job 42:7Lè Seyè a fin pale konsa ak Jòb, li pale ak Elifaz, moun lavil Teman an. Li di l' konsa: -Mwen te fache sou ou ak sou de zanmi ou yo, paske sa nou di sou mwen an pa vre menm. Nou pa t' pale tankou Jòb, sèvitè m' lan.
Matthew 26:10Jezi vin konnen sa yo t'ap di, li di yo konsa: Poukisa n'ap fè fanm lan tout lapenn sa a? Se yon bèl bagay li fè la a wi pou mwen.
Acts 9:36Nan lavil Jope te gen yon fanm yo te rele Tabita. (An lang grèk yo te rele l': Dòkas, ki vle di: Ti Gazèl.) Se te yon patizan Jezi li te ye. Li t'ap pase tout tan li ap fè byen epi li t'ap ede pòv yo anpil.
2 Corinthians 10:18Se konsa wi: Se pa moun k'ap fè lwanj tèt yo ki bon pou travay la, men se moun Seyè a rekòmande ki bon pou travay la.
Colossians 1:10Konsa, n'a viv jan Bondye vle l' la, n'a toujou fè sa ki fè l' plezi. N'a fè tout kalite bon bagay, n'a grandi nan konesans Bondye.
1 Timothy 5:10Se pou tout moun konnen tou sa li te fè ki byen: tankou si li elve pitit li yo byen, si l' konn resevwa moun byen lakay li, si l' konn lave pye moun pèp Bondye a, si l' ede malere yo, si l' fè tout lòt kalite byen.