Mak 15:43
Lè sa a Jozèf, yon moun lavil Arimate, vin rive. Se te yon manm respektab nan Gran Konsèy jwif yo. Li menm tou li t'ap tann lè Bondye t'ap vin pran gouvènman an nan men pa li. Li te gen kouraj ale devan Pilat mande kò Jezi.
Bib La
In The King James Version
In Context
42Solèy te fin kouche, se te jou preparasyon jwif yo (ki vle di: lavèy jou repo a).
Cross References
Matthew 20:16Apre sa, Jezi di yo ankò: Se konsa moun ki dèyè yo va pran devan, moun ki devan yo va rete dèyè nèt.
Mark 10:23Apre sa, Jezi gade disip li yo ki te bò kote l' la, li di yo: -Sa ap difisil nèt pou moun rich antre nan Peyi kote Bondye Wa a.
Mark 14:66Antan Pyè te anba nan lakou a, yonn nan sèvant granprèt la vin rive.
Luke 2:38Menm lè sa a tou, li vin rive, li t'ap di Bondye mèsi. Li t'ap pale sou Jezi bay tout moun ki t'ap tann Bondye vin delivre lavil Jerizalèm.
John 19:38Apre sa, Jozèf, moun lavil Arimate a, al mande Pilat pèmisyon pou li te pran kò Jezi. (Jozèf sa a te yon disip Jezi, men an kachèt, paske li te pè jwif yo.) Pilat ba l' pèmisyon an. Se konsa, Jozèf vini, li pran kò Jezi, li pote l' ale.
Acts 13:50Men, jwif yo moute tèt medam lasosyete ki te konvèti nan relijyon jwif yo, ansanm ak grannèg lavil yo. Yo tout yo pran pèsekite Pòl ak Banabas: yo mete yo deyò nan peyi a.