Acts 13:50
Men, jwif yo moute tèt medam lasosyete ki te konvèti nan relijyon jwif yo, ansanm ak grannèg lavil yo. Yo tout yo pran pèsekite Pòl ak Banabas: yo mete yo deyò nan peyi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
49Pawòl Bondye a t'ap gaye toupatou nan peyi a.
51Pòl ak Banabas souke pousyè pye yo sou yo, y' ale lavil Ikoniòm.
Cross References
Isaiah 66:5Koute sa Seyè a di, nou menm ki gen krentif pou li lè li pale ak nou: Paske nou pa vire do ban mwen, gen moun menm ras ak nou ki pa vle wè nou, ki derefize mele ak nou. Y'ap di konsa: Se pou Seyè a fè wè pouvwa li, paske yo ta renmen wè jan nou kontan. Men se yo menm k'ap soti wont.
Matthew 10:23Lè y'a pèsekite nou nan yon lavil, sove ale nan yon lòt. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun Bondye voye nan lachè a va gen tan vini anvan n'a fin mache nan tout lavil ki nan peyi Izrayèl la.
Acts 2:5Lè sa a, te gen yon bann jwif ki t'ap pase kèk jou lavil Jerizalèm. Se te moun devwe pou Bondye ki te soti nan tout peyi sou latè.
Acts 8:1Sòl menm te dakò pou yo te touye Etyèn. Menm jou sa a, yo kòmanse pèsekite legliz Jerizalèm lan anpil. Tout disip yo gaye kò yo nan peyi Jide ak nan peyi Samari. Se apòt yo sèlman ki te rete Jerizalèm.
Acts 13:45Lè jwif yo wè foul moun yo, yo pran fè jalouzi: yo t'ap demanti tou sa Pòl t'ap di a, yo t'ap joure li.
Acts 14:19Kèk jwif soti Antiòch (ki nan peyi Pisidi) ak Ikoniòm. Yo pran tèt foul la, yo kalonnen Pòl kout wòch pou yo touye li. Apre sa, yo trennen l' mete andeyò lavil la, yo te kwè l' te mouri.