Mak 5:13
Jezi bay yo pèmisyon sa a. Lè sa a, move lespri yo soti sou nonm lan, yo antre nan kochon yo. Lamenm, tout bann kochon yo pran degrengole desann bò falèz la, al neye tèt yo nan lanmè. Te gen demil (2.000) kochon konsa nan bann lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 22:22Seyè a mande l': Ki jan? Lespri a reponn: Mwen pral mete pawòl manti nan bouch pwofèt Akab yo. Seyè a di l': W'a pran tèt li vre konsa. Ou mèt al fè jan ou di a.
Job 2:6Seyè a di Satan konsa: -Ou mèt fè sa ou vle avè l'. Men, pa touye l' pou mwen.
John 8:44Se Satan ki papa nou. Se sak fè nou vle fè sa papa nou vle. Depi nan konmansman se sa ase l'ap fè: touye moun. Li pa janm pran pozisyon pou verite a paske pa gen verite menm nan li. Depi l' louvri bouch li, se manti l'ap bay paske sè mantò li ye. Se papa nan bay manti li ye.
Revelation 9:11Yo te gen yon wa alatèt yo. Se zanj gwo twou san fon an. Nan lang ebre yo rele l': Abadon. Nan lang grèk yo rele l': Apolyon, ki vle di: moun k'ap krase brize a.
Revelation 20:7Lè mil (1.000) lanne yo va fin pase, y'a lage Satan soti nan prizon an.