Mak 5:36
Men Jezi pa t' okipe sa yo t'ap di a. Li di chèf sinagòg la: -Pa pè. Sèlman met konfyans ou nan mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
37Li pran Pyè, Jak ak Jan, frè Jak la, avèk li. Li pa t' pèmèt lòt moun swiv li.
Cross References
2 Chronicles 20:20Nan denmen maten, byen bonè, pèp la leve, li pati pou dezè Tekoa a. Le yo tapral leve lamach, Jozafa pale ak yo, li di konsa: -Nou menm moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm, koute sa m'ap di nou! Mete konfyans nou nan Seyè a, Bondye nou an! Nou p'ap vole gadjè. Se pou nou kwè sa pwofèt li yo di nou an. N'ap genyen batay la.
Matthew 17:20Jezi di yo: Se paske nou manke konfyans nan Bondye. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si nou te gen konfyans nan Bondye gwosè yon ti grenn moutad, nou ta di ti mòn sa a: wete kò ou la, al laba, li ta chanje plas. Pa gen anyen nou pa ta kapab fè.
Mark 9:23Jezi di li: -Si m' kapab menm!...Tout bagay posib wi pou moun ki met konfyans yo nan Bondye.
John 4:48Jezi di l' konsa: Si nou pa wè mirak ak bèl bagay, nou p'ap janm kwè.
Romans 4:18Abraram te gen konfyans nan Bondye, li t'ap tann pwomès la, malgre lè sa a li pa t' gen okenn rezon pou l' te tann ankò. Se sak fè li tounen zansèt moun anpil nasyon dapre sa Bondye te di l': Pitit pitit ou yo va anpil.