Romans 4:18
Abraram te gen konfyans nan Bondye, li t'ap tann pwomès la, malgre lè sa a li pa t' gen okenn rezon pou l' te tann ankò. Se sak fè li tounen zansèt moun anpil nasyon dapre sa Bondye te di l': Pitit pitit ou yo va anpil.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 15:5Seyè a fè Abram soti deyò, li di l' konsa Leve je ou, gade syèl la byen. Konte zetwal yo si ou kapab. Apre sa, li di. Pitit pitit ou yo va anpil tankou zetwal nan syèl la.
Proverbs 13:12Lè ou pa jwenn sa ou t'ap tann lan, se bagay ki pou fè ou malad. Men, lè ou jwenn sa ou te anvi a, se lavi pou ou.
Mark 5:35Jezi t'ap pale toujou lè kèk mesaje soti kay chèf sinagòg la vin di li: -Pitit fi ou la mouri. Ou pa bezwen deranje Mèt la plis pase sa.
Acts 27:25Se poutèt sa, mesye, pran kouraj. Mwen gen konfyans nan Bondye. Sa gen pou l' rive jan li di m' lan.
Romans 4:19Lè sa a, Abraram te prèt pou gen santan sou tèt li. Men, konfyans li pa t' febli lè l' te gade kò l' ki te fin ale, epi pou l' te wè Sara, madanm li, ki pa t' ka fè pitit ankò.
Romans 8:24Paske, Bondye delivre nou, men nou menm n'ap tann toujou. Si nou wè sa n'ap tann lan, nou pa nan tann ankò. Ki moun k'ap rete tann sa li wè deja?