Mak 6:2
Lè jou repo a rive, li kòmanse moutre moun ki te nan sinagòg la anpil bagay. Foul moun ki t'ap koute l' yo te sezi anpil, yo t'ap di konsa: -Kote l' jwenn tout bagay sa yo? Kilès ki ba l' konesans sa yo? Kouman li fè fè tout mirak sa yo?
Bib La
In The King James Version
In Context
1Jezi kite kote l' te ye a, li ale nan lavil kote l' te grandi a. Disip li yo te ale avè l' tou.
Cross References
Matthew 4:23Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap anonse Bon Nouvèl peyi kote Bondye wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te ka genyen.
Mark 1:21Apre sa, Jezi ale ak disip li yo nan yon lavil yo rele Kapènawòm. Jou repo a, Jezi antre nan sinagòg la; li kòmanse moutre moun yo anpil bagay.
Luke 4:15Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Tout moun t'ap fè lwanj li.
John 6:42Yo t'ap di: Apa Jezi, pitit gason Jozèf la? Nou konn papa l' ak manman li. Ki jan li ka fè di koulye a li desann sot nan syèl la?
Acts 4:13Manm Gran Konsèy yo te sezi anpil lè yo wè ki jan Pyè ak Jan te gen konviksyon nan sa yo t'ap di, paske yo te vin konnen mesye sa yo se moun ki soti nan mas pèp la, ki pa t' resevwa okenn enstriksyon. Chèf yo te rekonèt yo tou pou moun ki te toujou avèk Jezi.