Mak 6:52
Yo pa t' konprann sans mirak pen an, paske lespri yo te bouche toujou.
Bib La
In The King James Version
For they considered not the miracle of the loaves: for their heart was hardened.
In Context
51Li moute bò kote yo nan kannòt la, van an vin tonbe. Se pa ti sezi disip yo te sezi.
53Yo fin travèse lanmè a, yo fè tè toupre lavil Jenezarèt. Yo mare kannòt la atè.
Cross References
Matthew 16:9Nou poko ka konprann toujou! Se bliye nou gen tan bliye lè m' te separe senk pen bay senkmil (5.000) moun lan? Nou pa chonje konbe panyen nou te pote ale?
Mark 7:18Li di yo: -Nou menm tou, nou san konprann toujou? Nou pa konprann pawòl sa a: Tout bagay ki sot deyò antre anndan yon moun pa kapab mete l' nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye.
Mark 16:14Pita, Jezi parèt devan tout onz disip yo yon lè yo t'ap manje. Li repwoche yo dèske yo pa t' gen konfyans, yo t'ap fè tèt di toujou, yo pa t' kwè moun ki te wè l' yo apre li te leve soti vivan pami mò yo.
Romans 11:7Bon. Kisa n'a di koulye a? Sa pèp Izrayèl la t'ap chache a, li pa t' jwenn li. Men, moun Bondye te chwazi yo, se yo ase ki jwenn li. Kanta pou lòt yo, yo vin gen tèt di,