Mak 7:4
Lè yo soti nan mache, sa pa t' bon non plis pou yo te manje san yo pa t' pran yon beny anvan. Yo te gen yon bann lòt koutim konsa ankò yo t'ap swiv. Pa egzanp, yo te gen yon jan pou yo lave chak bagay, yon jan pou gode yo, yon jan pou krich yo, yon jan pou mamit yo, yon jan pou lave menm kabann yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 26:6Seyè, m'ap lave men m' pou m' moutre jan m' inonsan, mwen pral pwoche bò lotèl ou a,
Jeremiah 4:14Moun Jerizalèm, lave mechanste ki nan kè nou pou nou ka sove. Kilè n'a sispann fè move lide nan tèt nou?
Matthew 27:24Lè Pilat wè li pa t' kapab fè anyen ankò, paske pèp la te soti pou l' te fè plis dezòd toujou, li pran dlo, li lave men l' devan tout foul moun yo. Li di yo: Mwen menm, mwen pa reskonsab lanmò nonm sa a. Sa, se sou kont nou li ye.
John 2:6Te gen sis gwo ja fèt an wòch ki te sèvi pou jwif yo lave kò yo dapre koutim yo. Yo te gwo ase pou chak te kenbe vin trant galon konsa.
Hebrews 9:10Nan tout bagay sa yo, se yon keksyon de sa ki bon pou manje, de sa ki bon pou bwè, de tout kalite seremoni pou yo fè pou lave deyò kò moun. Prensip sa yo vo kichòy jouk lè Bondye vin chanje tout bagay.
1 John 1:7Men, si n'ap viv nan limyè menm jan li menm Bondye li nan limyè, lè sa a se tout bon n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Jezi, Pitit Bondye a, va netwaye nou ak san li anba tout peche nou yo.