Matie 27:24
Lè Pilat wè li pa t' kapab fè anyen ankò, paske pèp la te soti pou l' te fè plis dezòd toujou, li pran dlo, li lave men l' devan tout foul moun yo. Li di yo: Mwen menm, mwen pa reskonsab lanmò nonm sa a. Sa, se sou kont nou li ye.
Bib La
In The King James Version
In Context
23Pilat di yo: Ki movezak li fè konsa? Yo rele pi fò toujou: Kloure l' sou yon kwa!
25Tout pèp la reponn: Se pou reskonsablite lanmò l' tonbe sou nou ak sou tout pitit nou yo.
Cross References
Job 9:30Pa gen dlo ki ka lave m'. Pa gen savon ki ka blanchi m'.
Jeremiah 2:27Yo rele pyebwa yo papa! Yo rele wòch yo manman m' ki fè m'! Wi, yo pito vire ban m' do, pase pou yo tounen vin jwenn mwen. Men, depi yo nan traka, y'ap rele: -Seyè, leve non! Vin delivre nou!
Matthew 26:5Yonn t'ap di lòt: Nou pa kapab arete l' pandan fèt la pou sa pa eksite pèp la fè dezòd.
Matthew 27:9Se konsa pawòl pwofèt Jeremi te di a rive vre: Yo pran trant pyès lajan yo. Se pri sa a moun ras Izrayèl yo te dakò peye pou li.
Matthew 27:54Lè ofisye lame a ansanm ak gad ki t'ap veye Jezi ansanm avè l' yo wè tranblemanntè a ak tou sa ki te pase, yon sèl lapè pran yo. Yo di: Se vre wi, nonm sa a te Pitit Bondye.
John 19:4Pilat soti ankò, li pale ak foul moun yo, li di: Koute. Mwen pral mennen l' isit la deyò pou nou ka konprann mwen pa jwenn okenn rezon pou m' kondannen nonm sa a.