Mak 8:2
-Kè m' fè m' mal pou moun sa yo. Sa fè twa jou depi yo la avè m', yo fin manje tou sa yo te pote.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 103:13Menm jan yon papa sansib pou pitit li, se konsa Seyè a sansib pou moun ki gen krentif pou li.
Psalms 145:15Seyè, se sou ou tout moun ap gade. Ou ba yo manje lè yo bezwen manje.
Matthew 4:2Jezi pase karant jou ak karant nwit san manje. Apre sa, li vin grangou.
Matthew 9:36Lè Jezi wè tout bann moun sa yo, kè l' fè l' mal pou yo paske li wè yo te bouke, yo te dekouraje, tankou yon bann mouton san gadò.
Matthew 20:34Kè Jezi fè l' mal pou yo, li manyen je yo. Menm lè a de mesye yo wè, epi yo swiv Jezi.
Mark 5:19Men Jezi pa t' kite l' ale, li di l' konsa: -Ale, tounen lakay ou, nan mitan fanmi ou yo. Rakonte yo tou sa Bondye fè pou ou, kijan li te gen pitye pou ou.