Mak 8:33
Men Jezi vire tèt li, li gade disip li yo. Li pale sevè ak Pyè, li di li konsa: -Wete kò ou sou mwen, Satan! Paske, lide ou pa sou sa Bondye vle, men sou sa lèzòm ta vle.
Bib La
In The King James Version
In Context
32Li t'ap pale konsa aklè ak yo. Pyè rele l' sou kote, li di li: -Pa pale konsa non.
Cross References
Genesis 3:4Lè sa a, sèpan an di fanm lan. Se pa vre. Nou p'ap mouri kras.
2 Samuel 19:22Men David reponn li: -Pa antre nan koze a. Sa pa gade ou, pitit Sewouya! Poukisa jòdi a ou vle kenbe tèt avè m'? Mwen pa vle yo touye pesonn nan moun peyi Izrayèl yo, paske jòdi a mwen konnen se mwen menm ki wa peyi Izrayèl la vre.
Psalms 141:5Ou mèt kite yon moun ki mache dwat pini m'. Ou mèt kite yon moun k'ap sèvi ou rale zòrèy mwen. Men, pa kite m' patisipe nan okenn fèt mechan yo. Paske, lè m'ap lapriyè, m'ap toujou denonse sa y'ap fè ki mal.
Matthew 4:10Jezi reponn li: Wete kò ou sou mwen, Satan. Paske, men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou, pou ou adore, se li menm sèl pou ou sèvi.
Matthew 15:23Men, Jezi pa okipe li menm. Disip li yo pwoche bò kote l', yo di l' konsa: Fè l' ale non. Paske, l'ap mache dèyè nou, l'ap plede rele nan zòrèy nou.
Mark 3:34Epi li pwonmennen je l' sou moun ki te chita sou kote l' yo, li di konsa: -Gade: men manman m', men frè m' yo.