Mak 8:34
Lè sa a Jezi rele foul moun yo ansanm avèk disip li yo, li di yo konsa: -Si yon moun vle mache dèyè m', se pou l' bliye tèt li, se pou l' chaje kwa l' sou zepòl li epi swiv mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 14:8Mwen wete baton kòmandman nan men moun fanmi David yo, mwen ba ou li. Men, ou pa t' tankou David. sèvitè m' lan, ki te toujou koute lòd mwen te ba li, ki te mache ak kè kontan nan chemen mwen te ba li, ki te fè sa ki pou fè m' plezi ase.
Matthew 7:13Antre nan pòt jis la. Paske, pòt ki laj la, chemen ki fasil la ap mennen nou tou dwat nan lanmò. Gen anpil moun ki pase ladan li.
Matthew 16:24Apre sa, Jezi di disip li yo: Si yon moun vle mache dèyè m', se pou li bliye tèt li. Se pou l' chaje kwa l' sou zepòl li, epi swiv mwen.
Mark 7:14Apre sa, Jezi rele foul moun yo vin bò kote l' ankò. Li di yo konsa: -Nou tout, tande byen sa m'ap di nou la a; manyè konprann sa.
Mark 10:21Jezi gade nonm lan, li renmen l', epi l' di li: -Yon sèl bagay ou manke: Ale vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Apre sa, wa gen yon richès nan syèl la. Epi vin swiv mwen.
Luke 13:24Fè jefò pou n' antre nan pòt jis la; paske, m'ap di nou sa, anpil moun va seye antre, yo p'ap kapab.