2 Samuel 19:22
Men David reponn li: -Pa antre nan koze a. Sa pa gade ou, pitit Sewouya! Poukisa jòdi a ou vle kenbe tèt avè m'? Mwen pa vle yo touye pesonn nan moun peyi Izrayèl yo, paske jòdi a mwen konnen se mwen menm ki wa peyi Izrayèl la vre.
Bib La
In The King James Version
In Context
23Apre sa, wa a di Chimeyi konsa: -Mwen fè ou sèman, yo p'ap touye ou!
Cross References
1 Samuel 26:8Abichayi di David konsa: -Aswè a Seyè a lage lènmi ou lan nan men ou vre. Koulye a, kite m' kloure l' atè a ak pwòp frenn li a. Yon sèl kou ap ase. Mwen p'ap bezwen frape l' de fwa.
1 Samuel 26:11Mande Bondye padon non! Mwen p'ap leve men m' sou wa Seyè a te chwazi a. Ann pran frenn li a ak krich dlo ki bò tèt li a. Epi ann ale.
2 Samuel 16:5Lè wa David rive bò lavil Bakourim, yon moun fanmi wa Sayil soti lavil la vin kontre l'. Se te Chimeyi, pitit gason Gera a. Antan l'ap vanse sou David, li t'ap joure l', li t'ap ba li madichon.
Isaiah 16:5Gouvènman peyi Jida a pral kanpe byen kanpe. Yon chèf pral soti nan ras fanmi wa David la. Li pral moute chita sou fotèy la pou l' dirije pèp la avèk bon kè, san patipri. L'ap soti pou l' fè sa ki dwat devan Bondye. L'ap prese fè tout moun jistis.
Luke 9:54Lè Jak ak Jan, de nan disip yo, wè sa, yo di li: Mèt, ou pa ta vle nou bay lòd pou dife nan syèl la desann fin ak yo?