Matthew 10:23
Lè y'a pèsekite nou nan yon lavil, sove ale nan yon lòt. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun Bondye voye nan lachè a va gen tan vini anvan n'a fin mache nan tout lavil ki nan peyi Izrayèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
22Tout moun pral rayi nou poutèt mwen. Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se yo ki va sove.
24Yon elèv pa pi fò pase mèt li. Nitou, yon domestik pa pi grannèg pase patwon li.
Cross References
Matthew 4:12Lè Jezi tande yo te mete Jan Batis nan prizon, li wete kò l', li ale nan peyi Galile.
Matthew 16:28Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nan moun ki la koulye a, gen ladan yo ki p'ap gen tan mouri san yo pa wè Moun Bondye voye nan lachè a tounen tankou yon wa k'ap gouvènen.
Matthew 24:27Menm jan zèklè a fè yan, li klere tout syèl la depi bò solèy leve jouk bò solèy kouche, se konsa Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l' vini.
Matthew 24:48Men, si domestik sa a se yon move moun, l'ap di nan kè l': Mèt mwen ap fè reta. Li poko ap vini.
Matthew 26:64Jezi reponn li: Se ou ki di li. Men, m'ap di nou sa, depi jòdi a n'a wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a, n'a wè m' ap vini sou nwaj yo nan syèl la.
Luke 4:29Yo leve, yo trennen l' andeyò lavil la; yo mennen l' sou tèt ti mòn kote lavil la te bati a, yo t'ap pare pou yo te jete l' anba nan falèz la.