Matthew 26:64
Jezi reponn li: Se ou ki di li. Men, m'ap di nou sa, depi jòdi a n'a wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a, n'a wè m' ap vini sou nwaj yo nan syèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 110:1Se yon sòm David. Seyè a pale ak wa a, chèf mwen an, li di: -Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou.
Matthew 16:27Konprann sa byen, Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l' tounen ak zanj li yo, nan tout bèl pouvwa Papa l' la. Lè sa a, li va bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.
Matthew 25:31Lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini nan tout bèl pouvwa li ak tout zanj li yo, la chita sou fotèy li ak tout bèl pouvwa li.
Matthew 27:11Jezi parèt devan gouvènè a. Gouvènè a keksyonnen l', li mande li: Ou se wa jwif yo? Jezi reponn li: Se ou ki di li.
Luke 21:27Lè sa a, y'a wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, ap vini nan yon nwaj, avèk anpil pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay.
John 1:50Jezi reponn li: Paske mwen di ou mwen te wè ou anba fig frans lan, poutèt sa ase ou kwè? Ou gen pou wè bagay pi gwo pase sa.