Matthew 12:25
Men, Jezi te konnen sa ki te nan tèt yo, li di yo: Yon peyi ki gen divizyon ladan l', pou moun yo ap goumen yonn ak lòt, peyi sa a la pou l' disparèt. Si gen divizyon nan yon lavil osinon nan yon fanmi, pou moun yo ap fè lagè yonn ak lòt, ni lavil sa a, ni fanmi sa a pa la pou lontan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 139:2Ou konnen lè m' chita, ou konnen lè m' kanpe. Ou rete byen lwen, ou konnen tou sa k'ap pase nan tèt mwen.
Isaiah 19:2Seyè a di: M'ap fè moun peyi Lejip yo leve yonn dèyè lòt. Yo pral goumen yonn ak lòt, vwazinaj ak vwazinaj, vil ak vil, chèf ak chèf.
Amos 4:13Se Bondye ki te fè mòn yo. Se li menm ki te kreye van yo. Li fè lèzòm konnen lide li gen nan tèt li. Li fè lajounen soti nan lannwit. L'ap gouvènen sou tout latè. Se poutèt sa, men jan yo rele l': Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a.
Mark 2:8Menm lè a Jezi te gen tan konnen nan fon kè l' sak t'ap pase nan tèt yo. Li di yo: -Poukisa n'ap fè lide konsa nan kè nou?
Luke 11:17Jezi menm te konnen sak te nan lide yo. Li di yo konsa: Yon peyi ki gen divizyon ladan l', kote moun ap goumen yonn ak lòt, peyi sa a la pou disparèt; menm kay yo gen pou tonbe yonn sou lòt.
John 21:17Apre sa, li mande l' yon twazyèm fwa: Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen? Sa te fè Simon lapenn anpil lè l' wè Jezi te mande l' yon twazyèm fwa: Eske ou renmen mwen? Li reponn li: Seyè, ou konn tout bagay. Ou konnen mwen renmen ou. Jezi di l' konsa: Pran swen mouton m' yo.