Matie 13:24
Jezi ba yo yon lòt parabòl ankò. Li di yo konsa: Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon moun ki te simen bon grenn nan jaden li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 14:12Samson di yo: -Mwen pral ban nou yon kont. Si nou jwenn li anvan sèt jou fèt nòs la fin pase, m'ap ban nou trant bèl varèz ak trant rechanj fèt ak bèl twal.
Isaiah 28:13Se poutèt sa, Seyè a pral pale ak nou, l'ap repete lèt apre lèt, liy apre liy, leson apre leson. Lè sa a, n'a pral bite, nou pral tonbe sou dèyè, nou pral kase pye nou, nou pral pran nan pèlen, y'ap fè nou prizonye.
Matthew 3:2Li t'ap di: Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men l'.
Matthew 13:19Moun ki tande pawòl ki pale sou Peyi Wa a men ki pa konprann li, yo sanble ak tè bò chemen an, kote kèk grenn te tonbe: Satan vini, li rache pawòl ki te simen nan kè yo a.
Matthew 13:33Li di yo yon lòt parabòl ankò: Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou ledven yon fanm pran, li mete nan senk mezi farin pou fè tout pa t' la leve.
Matthew 13:44Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon ja lajan ki te anba tè nan yon jaden. Yon nonm rive jwenn li, li kouvri l' ankò. Li sitèlman kontan, li ale, li vann tou sa l' genyen, li tounen vin achte jaden an.