Matie 13:27
Moun ki t'ap travay ak mèt jaden an vin di li: Mèt, se pa bon grenn ase nou te simen nan jaden ou lan? Kote move zèb sa yo soti?
Bib La
In The King James Version
In Context
26Lè mayi yo fin pouse, yo pran jete zepi. Lè sa a, move zèb la parèt tou.
28Li reponn yo: Se yon lènmi m' ki fè sa. Travayè yo mande li: Ou pa ta vle n' al rache move zèb yo?
Cross References
1 Corinthians 1:11Mwen di nou sa, frè m' yo, paske m' vin konnen nan bouch kèk moun nan fanmi Kloe a, te gen gwo kont pete nan mitan nou.
1 Corinthians 12:28Se konsa, nou wè nan legliz la Bondye mete apòt yo an premye, pwofèt yo an dezyèm, dirèktè yo an twazyèm. Apre sa, nou jwenn moun k'ap fè mirak, moun ki gen don pou geri moun malad, moun k'ap ede lòt, moun k'ap dirije, moun ki gen don pou pale divès lang.
1 Corinthians 16:10Si Timote rive bò kote nou ye a, n'a fè yon jan pou l' santi l' lakay li nan mitan nou, paske se menm jan avè mwen li travay pou Seyè a.
2 Corinthians 6:1Se poutèt sa, mwen menm k'ap travay ak Bondye, mwen mande nou pou nou pa kite favè nou resevwa nan men Bondye a gaspiye.
Galatians 3:1Nou menm moun peyi Galasi, ala sòt nou sòt! Kilès nou kite pran tèt nou konsa, nou menm ki te konnen tout ti detay sou jan Kris la te mouri sou kwa a?
James 3:15Bon konprann konsa pa soti nan Bondye, li soti nan lemonn, nan moun ak nan dyab la.