Matthew 13:46
Lè li jwenn yon bèl grenn pèl ki chè anpil, li ale, li vann tou sa l' genyen pou l' ka achte li.
Bib La
In The King James Version
Who, when he had found one pearl of great price, went and sold all that he had, and bought it.
In Context
45Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon machann k'ap chache bèl grenn pèl.
47Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon privye yo voye nan lanmè. Li pran tout kalite pwason.
Cross References
Isaiah 33:6Li p'ap kite anyen rive pèp la ankò. Sa k'ap toujou sove yo, se va bon konprann ak konesans Bondye ap ba yo a. Pi gwo richès yo, se krentif y'a gen pou Seyè a.
Mark 10:28Lè sa a, Pyè di li: -Men koute non, nou kite tout bagay pou nou swiv ou.
Acts 20:24Mwen pa pran lavi m' pou anyen, li pa gen okenn valè pou mwen. Men, mwen vle ale jouk nan bout nan sèvis mwen, mwen vle fini nèt ak travay Seyè Jezi ban mwen an, pou m' anonse bon nouvèl favè Bondye fè nou an.
Galatians 6:14Pou mwen menm, mwen p'ap vante tèt mwen pou lòt bagay pase pou kwa Kris la. Paske, gremesi kwa sa a, mwen mouri pou lemonn, lemonn mouri pou mwen.
Colossians 2:3Se nan li tout richès ki nan bon konprann ak konesans Bondye a kache.
Revelation 21:21Douz pòtay yo te douz bèl grenn pèl. Chak pòtay yo te fèt ak yon sèl grenn pèl. Tout lari nan lavil la te fèt an bon lò, klè kou kristal.