Matie 13:55
Se pa pitit bòs chapant lan? Se pa Mari ki manman li? Se pa frè Jak, Jozèf, Simon ak Jid li ye?
Bib La
In The King James Version
In Context
56Apa tout sè l' yo la avèk nou. Kote l' jwenn tout bagay sa yo?
Cross References
Isaiah 49:7Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa, Seyè k'ap delivre yo a, l'ap pale ak pèp tout moun ap meprize a, pèp nasyon yo pa vle wè a, pèp ki esklav chèf k'ap gouvènen yo a. Li di yo: Wa va leve kanpe lè y'a wè ou. Chèf va ajenou devan ou. Y'a fè sa poutèt Seyè a k'ap toujou kenbe pawòl li, poutèt Bondye pèp Izrayèl la ki te chwazi ou.
Matthew 1:18Men ki jan Jezikri te fèt. Mari, manman Jezi, te fiyanse avèk Jozèf. Anvan menm yo te antre nan kay ansanm, Mari vin twouve l' ansent pa pouvwa Sentespri.
Matthew 27:56Nan yo te genyen: Mari, moun lavil Magdala a, Mari, manman Jak ak Jozèf, ansanm ak manman pitit Zebede yo.
Mark 15:40Te gen kèk fanm la tou; men yo te rete lwen ap gade. Pami yo te gen Mari, moun lavil Magdala a, Mari, manman Ti Jak ak Jòz, ansanm ak Salome.
Luke 1:27Bondye te voye l' kay yon jennfi ki te fiyanse ak yon nonm yo rele Jozèf. Jozèf sa a, se te moun ras David. Yo te rele jennfi a Mari.
Luke 3:23Jezi te gen trantan konsa lè l' kòmanse travay li. Dapre sa yo te kwè, li te pitit Jozèf, Jozèf sa a te pitit Eli.