Matie 17:12
Men, m'ap di nou sa: Eli vin deja. Men, yo pa t' rekonèt li, yo fè l' tou sa yo te vle. Se onsa tou, yo gen pou yo maltrete Moun Bondye voye nan lachè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Jezi reponn yo: Se vre. Eli gen pou l' vin anvan, pou l' mete tout bagay nan lòd.
13Lè sa a, disip yo vin konprann li t'ap pale yo sou Jan Batis.
Cross References
Isaiah 53:3Nou pa t' gade l' menm, tout moun te vire do ba li. Li te soufri anpil, li te tout tan nan gwo lapenn. Tout moun te vire tèt yo pou yo pa wè l'. Nou pa t' okipe l', nou pa t' pran ka l' menm.
Matthew 11:9Manyè di m' kisa nou te al wè menm? Yon pwofèt? Wi, mwen menm mwen di nou: li pi plis pase yon pwofèt.
Matthew 16:21Depi lè sa a, Jezi kòmanse pale aklè ak disip li yo, li di: Fòk mwen moute lavil Jerizalèm. Fòk mwen soufri anpil nan men chèf fanmi yo, nan men chèf prèt yo, nan men dirèktè lalwa yo. Y'ap fè yo touye mwen. Men, sou twa jou, mwen gen pou m' leve soti vivan nan lanmò.
Matthew 21:32Paske, lè Jan Batis te vin bò kote nou, lè li t'ap moutre nou jan pou nou viv dwat devan Bondye a, nou pa t' kwè li. Men, pèseptè kontribisyon ak fanm movèz vi yo te kwè li. Malgre nou te wè sa, nou pa t' chanje lide nou pou n' te kwè nan li tou.
Mark 9:12Li reponn yo: -Se vre wi. Eli gen pou l' vin anvan pou l' mete tout bagay nan lòd. Men, ki jan yo te fè ekri tou: Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l' soufri anpil, yo p'ap manke pase l' nan betiz?
Luke 3:19Men, Jan te fè chèf Ewòd repwòch poutèt Ewodyad, madanm frè li a, li te pran pou madanm li, ak pou anpil lòt move zak li te fè.