Matie 17:4
Lè sa a, Pyè pran lapawòl, li di Jezi konsa: Met, sa bon nèt pou nou isit la. Si ou vle, m'ap moute twa ti kay, yonn pou ou, yonn pou Moyiz ak yonn pou Eli.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Twa disip yo wè Moyiz ak Eli parèt, yo t'ap pale ak Jezi.
Cross References
Psalms 4:6(04:7) Gen anpil moun k'ap di: -Jan nou ta renmen Bondye beni nou! Tanpri, Seyè, fè nou santi ou la avèk nou!
Psalms 63:1(063:1) Se yon sòm David te ekri lè li te nan dezè peyi Jida a. (063:2) Bondye, se ou ki Bondye mwen. Jan m' anvi wè ou! Jan m' ap tann ou sa a! Se tout kò m' k'ap mande pou ou, tankou tè sèk nan solèy k'ap tann lapli.
Zechariah 9:17Ala bon sa pral bon nan peyi a! Ala bèl peyi a pral bèl! Jenn gason ak jenn fi pral grandi ak tout grenn jaden ak tout diven yo pral rekòlte nan peyi a.
Luke 9:33Antan mesye yo tapral kite Jezi Pyè di li: Mèt, sa te bon nèt pou nou te la. Ann moute twa ti kay, yonn pou ou, yonn pou Moyiz ak yonn pou Eli. Li pa t' konnen sa l' t'ap di.
John 17:24Papa, se ou ki te ban mwen yo. Mwen ta vle pou yo toujou avè m' kote m' prale a, pou yo ka wè pouvwa mwen, pouvwa ou te ban mwen an, paske ou te renmen m' depi lontan anvan ou te kreye tout bagay.
1 John 3:2Mezanmi, koulye a nou se pitit Bondye. Nou poko konnen egzakteman sa nou pral tounen. Men, nou konnen lè Kris la va parèt nou pral tounen tankou l', paske nou pral wè l' jan l' ye a.