Matthew 18:4
Se poutèt sa, moun ki va soumèt tèt li devan Bondye, ki va tounen tankou timoun sa a, se li ki va pi grannèg nan Peyi Wa ki nan syèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Nenpòt moun ki resevwa yon timoun tankou timoun sa a, se mwen menm li resevwa.
Cross References
Isaiah 57:15Se mwen menm Bondye ki anwo nèt nan syèl la, Bondye ki la pou tout tan an, Bondye ki apa nèt la. Men sa mwen di: mwen rete yon kote ki anwo nèt, yon kote ki apa pou mwen nèt. Men mwen kanpe la avèk moun ki soumèt yo devan m', avèk moun ki gen lapenn tout bon pou sa yo fè ki mal, pou m' ka remoute kouraj yo, pou m' ba yo konfyans ankò.
Matthew 20:26Men, se pa konsa pou sa fèt nan mitan nou. Okontrè, si yonn nan nou ta vle vin grannèg, se pou l' sèvi nou tout.
Mark 10:43Men, se pa konsa pou sa fèt nan mitan nou. Okontrè, si yonn nan nou ta vle vin grannèg, se pou l' sèvi nou tout.
Luke 14:11Se konsa, moun ki vle leve tèt li, y'a desann li, moun ki desann tèt li, y'a leve li.
1 Peter 5:5Menm jan an tou, nou menm jennjan yo, se pou nou soumèt devan chèf reskonsab yo. Nan tout rapò nou yonn ak lòt, se pou nou soumèt devan Bondye. Paske Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy. Men, moun ki soumèt devan l', li ba yo favè li.