Matie 19:5
Apre sa li di: Se poutèt sa, gason an va kite papa l' ak manman l' pou l' mete tèt li ansanm ak madanm li. Yo tou de va fè yon sèl kò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 34:3Men Sichèm te tonbe damou pou Dena, pitit fi Jakòb la. Li te pale dous ak tifi a, paske li te renmen l'.
Deuteronomy 10:20Se pou Seyè a, Bondye nou an, ase pou nou gen krentif. Se li menm sèlman pou nou sèvi. Pa janm lage l'. Se nan non l' ase pou nou fè sèman.
1 Samuel 18:1Lè David fin pale ak Sayil, kè Jonatan, pitit gason Sayil la, vin louvri pou David. Li vin renmen l' tankou li renmen tèt pa li.
2 Samuel 1:26Mwen gen gwo lapenn pou ou, Jonatan, frè mwen. Jan mwen te renmen ou sa a! Jan ou menm ou te renmen m', se pa pale. Zanmitay sa a te pi bon pou mwen lontan pase renmen ankenn fanm ta ka gen pou mwen!
Psalms 45:10(045:11) Koute, mafi! Gade byen! Tande sa m'ap di ou: -Ou mèt bliye pèp kote ou soti a. Ou mèt bliye moun kay papa ou yo.
Mark 10:5Lè sa a, Jezi di yo: -Moyiz te ekri kòmandman sa a pou nou paske nou gen tèt di.