Matie 19:8
Jezi reponn yo: Se paske nou gen tèt di kifè Moyiz te ban nou dwa kite ak madanm nou. Men, nan konmansman se pa t' konsa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 2:24Se poutèt sa, gason an va kite papa l' ak manman l' pou l' mete tèt li ansanm ak madanm li, pou tout de fè yon sèl.
1 Samuel 25:43David te deja marye ak Akinoam, moun lavil Jizreyèl. Li vin pran Abigayèl koulye a, sa te fè l' de madanm.
Jeremiah 6:16Men sa Seyè a di ankò: -Rete non sou kous nou! Gade byen! Mande kote ansyen chemen yo te pase. Mande kote bon wout la ye. Pran l'. Lè sa a n'a viv ak kè poze. Men yo di: Non, nou p'ap fè sa!
Malachi 2:13Men yon lòt bagay nou fè ankò: N'ap benyen lotèl Seyè a ak dlo ki sot nan je nou. N'ap kriye, n'ap plenyen paske Seyè a pa menm gade ofrann nou fè l' yo, li derefize asepte anyen nan men nou.
Matthew 8:31Move lespri yo mande Jezi: Tanpri, si ou vle chase nou, voye nou sou bann kochon sa yo.
1 Corinthians 7:6Se pa yon lòd m'ap bay lè m' di sa, men se yon pèmisyon.